Download as pdf
Download as pdf
You are on page 1of 14

LIV SOU GADRI

TI-MOUN

©2010 Family Central, Inc.


LIV SOU GADRI TI-MOUN
SIJÈ KI NAN MANYÈL LAN
KOUMAN POU CHWAZI SWEN POU TIMOUN
ENTWODIKSYON 3
PWOCHEN ETAP 3

KISA BON JAN KALITE SWEN POU TIMOUN YE 4

DISPOZISYON REGLEMANTÈ POU LISANS


DISPOZISYON REGLEMANTÈ POU GADRI 5
DISPOZISYON REGLEMANTÈ POU BAY TIMOUN SWEN LAKAY O 5

KALITE GADRI SWEN POU TIMOUN


ETABLISMAN SWEN POU TIMOUN 6
SWEN POU TIMOUN NAN KAY YON FANMI 6
SWEN POUTIMOUN KI GEN LAJ POU AL LÈKOL 6
PWOGRAM POU TIMOUN KAT (4) AN KI POKO LAJ ANTRE LÈKO 7
SWEN KOTE MOUN NAN VIN LAKAY-OU 8

LÒT KALITE GADRI POU TIMOUN


SWEN MALADI 9
PASE LAGE TIMOUN YO 9
GWOUP POU JWE 9
PWOGRAM MANMAN AK MWENMENM (MOM AND ME) 9
KAN SEZON ETE A 9

SOU ZAFÈ LAJAN 10

ÈSKE PITIT OU AN KI GEN LAJ LEKÒL KA RETE NAN


KAY LA POUKONT LI? 11

PLANIFYE KONJE MALADI…YO PRAL RIVE 12

RESOUS SIPLEMANTÈ 13

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


2
KOUMAN POU CHWAZI SWEN POU TIMOUN
ENTWODIKSYON

Chwazi yon bon kote pou swen timoun ou se youn nan desizyon ki pi enpòtan ou pral pran pou pitit ou an.

Manyèl sa-a fèt pou ede-w pran meyè desizyon nan Chwazi swen pou pitit ou an. Tanpri pran tan-w pou li enfòmasyon
sa-a avèk anpil atansyon. Si -genyen kesyon, rele Biwo Resous pou Swen ak Ranvwa pou Timoun (Child Care
Resource and Referral office) nan 954-724-4609 oswa 1-877-5-FAMILY nan Konte Broward, epi 561-514-3300 oswa 1-
800-683-3327 nan Konte Palm Beach, epi yon konseye pral ede-w. Sèvis Resous ak Ranvwa piblik nou an gratis.
Anplis de sa, ou kapab rele nimewo sa yo si ou bezwen plis enfòmasyon sou ki jan ou ka rive jwenn asistans pou gadri.

PWOCHEN ETAP
 Rele founisè-a pou mande si gen plas.
 Mete randevou pou fè entèvyou.
 Konnen règleman sou zafè lisans pou kote kap pran swen timoun ou an.
 Eseye vizite plis pase yon founisè epi eseye vizite chak founisè plis pase yon fwa.
 Omwen ou dwe fè yon vizit san-w pa anonse yo sa.
 Pwograme yon vizit lè yo pral fèmen pou jounen an epi mande lòt paran yo opinyon yo.
 Gade tout chanm nan kay la oswa tout chanm nan sant lan epi tcheke lakou kote timoun yo jwe.
 Fè ensten-w konfyans. Si-w santi ou renmen yon founisè oswa yon pwogram, gen anpil chans pitit ou an pral santi-
l byen la.
 Gade dosye nan Biwo Lisans pou Swen Timoun nan (Child Care Licensing Office) pou chakpwogram-w ap
konsidere toutbonvre. Sa se yon sèvis piblik ki gratis.
Pou pwogram nan Broward: Broward County Child Care Licensing Office
2995 North Dixie Hwy.
Oakland Park, FL 33334
954-537-2800
Adrès entènèt: www.myflorida.com/childcare oswa
www.broward.org./children

Pou pwogram nan Miami-Dade: Depatman Timoun ak Fanmi


401 NW 2nd Ave Ste. N. 221
Miami, FL 33128
305-377-5509
Adrès entènèt: www.myflorida.com/childcare

Pou pwogram nan West Palm Beach: Licensing in Palm Beach (biwo prensipal)
800 Clematis St.
West Palm, FL 33401
561-837-5971
Adrès entènèt: www.myflorida.com/childcare

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


3
KISA BON JAN KALITE SWEN POU TIMOUN YE?
Nan rechèch yo fè sou bon jan kalite pwogram swen pou timoun yo te jwenn faktè sa yo ki site anba-a souvan bay
endikasyon sou bon jan kalite swen pou timoun

 Pa gen anpil timoun nan yon klas.


 Rapò pèsonèl/timoun ki pèmèt yo bay timoun yo plis atasyon patikilye.
 Yon degre entèaksyon granmoun-timoun ki wo anpil.
 Relasyon kontinyèl ki estab ant moun kap bay swen an ak timoun nan; pa egzanp pèsonèl la rete nan kote-a
pandan lontan.
 Moun kap bay swen an resevwa fòmasyon nan devlopman entèvansyon bonè.
 Yo òganize pwogram yo selon yon pwogram espesifik oswa prensip pou aprantisaj, epi moun kap bay swen yo
resevwa fòmasyon nan pwogram nan.
 Yo regilyèman evalye pwogram yo pou asire yo atenn objektif pou bay bon jan kalite swen.
 Se manm pèsonèl ki resevwa fòmasyon ki fè, ekipe, epi mete pwogram yo sou pye.
 Founisè yo ankouraje jwèt paske yo jwenn se yon bezwen inivèsèl nan devlopman nòmal yon timoun.
 Yo ankouraje patisipasyon paran ansanm ak yon relasyon pataje ant paran yo ak moun kap bay swen yo.
 Yo pote atansyon a nòm sante ak sekirite, ikonpri nitrisyon adekwat.
 Akreditasyon founisè-a, ki vle di pwogram nan reponn a sèten nivo kalite pwofesyonèl ki an plas. Pwogram
akredite pa nesesèman pi bon pase sa yo ki pa akredite, men pwogram ki te aplike pou akreditasyon epi ki
resevwa-l genyen yon bon jan enterè nan kalite epi yo reponn a sèten nòm ki pi elve pase sa lisans yo mande.

Faktè sa yo fè ladiferans ant “plasman nan yon pansyon”, kote yo asire yo reponn a bezwen esansyèl timoun nan
tankou manje, repo, ak jwèt, epi bon jan kalite swen ki reponn a bezwen devlopmantal timoun nan. Paran kapab
jwen sa yo rele Florida Performance Standards pou timoun ki fenk fèt jiska 5 an Ale nan sit wèb Florida
Office of Early Learning ke wap jwenn nan
http://www.floridajobs.org/earlylearning/oelperformance.html.Ou kapab rale Florida Voluntary
prekindergarten Education Standards nan sit wèb Depatman Edikasyon Leta la Florid
la:http://fldoe.org/earlylearning perform.asp
Bagay sa yo pèmèt yon moun gen yon konpreansyon de ki jan timoun panse, rezone, fè, refè yon bagay daprè laj li
pandan ke lap aprann. Tou sa se rezilta de anpil rechèch, de sa ki bay meyè randman nan tout peyi a e prinsip ke
Asosyasyon Nasyonal Pou Edikayson Timoun (National Association for the Education of Young Children) devlope avèk
kolaborayson moun ki travay ak timoun piti e pwofesè jaden danfan.

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


4
DISPOZISYON REGLEMANTÈ POU LISANS
DISPOZISYON REGLEMANTÈ POU GADRI

Rapò Pèsonèl/Timoun:

Poko gen 1 an - Yon manm pèsonèl pou 4 tibebe


1-2 an - Yon manm pèsonèl pou 6 timoun
2-3 an - Yon manm pèsonèl pou 11 timoun
3-4 an - Yon manm pèsonèl pou 15 timoun
4-5 an - Yon manm pèsonèl pou 20 timoun
5 an e plis - Yon manm pèsonèl pou 25 timoun

DISPOZISYON REGLEMANTÈ POU BAY TIMOUN SWEN LAKAY OU

Tout kay moun ki bay swen dwe gen lisans nan Leta Florid si moun nan ap pran swen de timoun oswa plis ki pa timoun
ki rete nan kay la pandan nenpòt moman nan yon jounen 24 è.

Rapò Moun k-ap bay swen/Timoun:


a. Yon maksimòm kat (4) timoun ki fèk fèt rive juska 12 mwa, oswa
b. Yon maksimòm twa (3) timoun ki fèk fèt jiska 12 mwa, ansanm ak lòt timoun, pou yon total maksimòm sis (6)
timoun, oswa
c. Yon maksimòm sis (6) timoun ki nan laj preskolè si yo tout gen plis pase 12 mwa, oswa
d. Yon maksimòm 10 timoun si pa gen plis pase senk (5) timoun ki nan laj preskolè epi nan senk timoun sa yo, pa
plis pase de (2) ki poko genyen 12 mwa.
(Yon moun kap gade timoun lakay li epi tout timoun yo se fanmi, pa bezwen gen lisans.)

Si ou bezwen plis ransèyman sou règleman ki la pou lisans gadri ak sa pou chèche lè w ap tcheke dosye yo ou
byen enfòmasyon ke yo mande sou pase amplwaye yo, ale nan adrès elektronik Family Central la ki nan
www.familycentral.org

Si-w chwazi pou anplwaye yon moun ki pa gen lisans pou bay timoun ou swen:
 Tcheke referans sou karaktè moun k-ap aplike-a ansanm ak kote li te konn travay deja.
 Nan konte Broward ou ka fè yon tchèk sou dosye kriminèl lè-w vizite oswa ou ekri nan Police Clearance
Unit nan biwo Sherif Broward lan (2601 West Broward Blvd., Ft. Lauderdale, 954-831-8700). Ou pral
bezwen dat nesans aplikan-an, non ak antesedan etnik moun nan, non moun lan, si se gason ou fi
ak $2.00 e ou fèt pou ekri yon lèt pou sa.

 Fè yon tchèk dosye kriminèl nan tout eta-a lè-w kontakte Florida Department of Law Enforcement (FDLE)
nan 850-410-7000, oswa voye-l pa lapòs nan: FDLE, P.O. Box 1489, Tallahassee, FL 32302, Attention:
Criminal Inquiry. Yon tchèk nan eta-a pral koute-w apeprè $24.00. Epitou ou ka kontakte depatman lapolis
lokal ou-an.
Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.
5
KALITE GADRI SWEN POU TIMOUN
ETABLISMAN SWEN POU TIMOUN:
Yon etablisman swen pou timoun bay swen pou timoun aplentan oswa amitan avèk aktivite edikasyonèl an gwoup.
Yon etablisman swen pou timoun gen lisans, epi li dwe reponn a sèten kondisyon sou sante, sekirite ak pèsonèl.
Yon konn rele anpil pwogram amitan yo lekòl matènèl.

Si-w chwazi yon etablisman swen pou timoun ou, an jeneral pitit ou wa ap nan yon gwoup timoun ki gen menm laj ak li
avèk aktivite ki planifye espesyalman pou gwoup sa-a. Sa patikilyèman enpòtan pou timoun ki tou pare pou fè zanmi
epi jwe ak lòt timoun.

AVANTAJ YON ETABLISMAN SWEN POU TIMOUN:


• Aranjman yo fyab
• Yo fèt espesyalman pou timoun
• Pwogram yo planifye

ENKONVENYAN YON ETABLISMAN SWEN POU TIMOUN:


• Mwens opòtinite pou atansyon endividyèl
• To renouvèlman pwofesè yo wo
• Lavi prive pa gen sa, lavi an gwoup

SWEN POU TIMOUN NAN KAY YON FANMI:


Swen pou timoun nan kay yon fanmi ofri yon kad kote gen yon ti gwoup nan yon kay prive. Kay sa yo gen lisans
pou sa.

AVANTAJ SWEN POU TIMOUN NAN KAY YON FANMI


• Alèz, se tankou se lakay ou
• Yon ti gwoup timoun
• Atansyon endividyalize nan men yon sèl moun ki bay swen
• Kote-a se nan yon katye rezidansyèl
• Yo ka pi fleksib pase yon etablisman

ENKONVENYAN
• Mwens opòtinite pou atansyon endividyèl
• To renouvèlman pwofesè yo wo
• Lavi prive pa gen sa, lavi an gwoup

SWEN POU TIMOUN KI GEN LAJ POU AL LEKÒL:


Yon pwogram ki bay swen pou timoun laj lekòl fèt pou bay aktivite rekreyatif ak sipèvizyon pou timoun lekòl elemantè
anvan epi aprè lè lekòl lan. Yo ka bay swen-an nan:

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


6
KALITE GADRI SWEN POU TIMOUN (CONT’D)
SWEN POU TIMOUN KI GEN LAJ POU AL LEKÒL (cont’d):
ETABLISMAN SWEN POU TIMOUN:
• Bay transpò sot nan lekòl lan pou al nan etablisman-an
• Yo ka bay transpò tou sot nan etablisman-an pou al lekòl la lè maten
• Bay swen lè lekòl la bay vakans
• Fasilman konvèti an kan pou timoun yo pandan sezon ete
• Souvan yo melanje timoun nan plizyè kalite lekòl nan zòn nan

SWEN POU TIMOUN NAN KAY YON FANMI:


• Bay swen nan jou vakans epi pandan sezon ete
• Souvan pitit moun kap bay swen-an nan kay la tou
• Ti gwoup/anviwonman lakay
• Transpò raman disponib, li ta dwe nan distans ou ka mache oswa sou wout otobis

NAN LEKÒL LA:


Pwogram pou sa yo ki nan lekòl elemantè yo. Yon lekòl kominotè, YMCA, JCC, depatman rekreyasyon vil lan, oswa
Konsèy Administrasyon Lekòl Konte a (County School Board) ka dirije yo.
• Timoun laj lekòl sèlman
• Kad lekòl ki familye
• Elèv yo souvan ale nan lekòl yo
• Pa gen nesesite pou transpò
• Souvan gen bezwen pou konplemante avèk swen pandan jou ferye/vakans ete
• Souvan gen yon gwo gwoup timoun ki nan klas jadendanfan jiska 5èm klas tout mele ansanm

PWOGRAM JOU KI PA GEN LEKÒL:


• Souvan depatman rekreyasyon vil-la oswa YMCA dirije pwogram-sa yo
• Souvan yo fè yo nan pak
• Souvan yo pa chè

PWOGRAM POU TIMOUN KAT (4) AN KI POKO LAJ ANTRE LEKÒL (VPK)
Se yon pwogram de grant kalite ki chèche montre timoun aprann li bone. Li gratis pou tout timoun ki gen kat (4) an premye
sektanm oubyen anvan premye sektanm ki abite nan leta la Florid. Enskripsyon gratis.
 Gadri yo ansanm ak lekòl piblik kapab patisipe
 Pwogram ane skolè dire 540 awa; klas la fèt pou li genyen pa plis ke 2 pwofesè pou 18 elèv ou byen 1
pwofesè pou 10 elèv; pwofesè VPK dwe pou yo genyen dokiman ki prouve yo kapab anseye ti moun piti
ou byen yo fè etid ki pi wo nan branch sa-a
 Pwogram pou ete-ya dire 300 awa; klas la genyen yon pwofesè pou 12 elèv; pwofesè VPK dwe gen yon
diplòm de 4 an detid inivèsite ke yo rekonèt ou byen yon sètifika dedikasyon pwofesyonèl de Broward
County School Board.
 Lwa leta la Florid egzije ke tout kote ki patisipe nan pwogram sa-a fèt pou yo de grant kalite
 Paran gen dwa chwazi kote ke yo jije ki pi bon pou yo.
 Paran kapab chwazi: lekòl piblik, gadri (child care center) gadri kay mount (family child care home)
 Sa yo montre timoun yo fèt pou ale daprè laj-yo, vize pou aprann yo li bonè epi pare yo pou gran lekòl sa yo
rele kindergarten an bazan sou sa leta la Florid rekòmande.
Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.
7
 Paran reskonsab pou mennen timoun yo e al chèche yo lekòl.
 Lè yo enskri ti moun yo nan VPK, paran/gadyen dwe siyen regleman ki gen pou wè ak patipasyon nan
pwogram la

 KALITE GADRI SWEN POU TIMOUN (CONT’D)


SWEN KOTE MOUN NAN VIN LAKAY-OU:
Swen lakay-ou se swen yon moun bay nan kay paran timoun nan. Moun ki bay swen-an ka swa viv nan kay la oswa pa
viv nan kay la. Moun sa-a pa bezwen gen lisans ni non plis ankenn ajans gouvènman-an pa reglemante kalite swen sa-
a.

AVANTAJ LÈ YON MOUN VIN LAKAY OU


• Swen pèsonalize, endividyèl
• Fleksibilite
• Mwens kontak ak maladi kontajye
• Sa ka enkli ti responsablite tankou fè menaj

ENKONVENYAN
• Se swen ki koute pi chè
• Sosyalizasyon limite avèk lòt timoun menm laj
• To renouvèlman ki wo
• Mank reglemantasyon

GENYEN ANPIL KOTE OU KA JWENN MOUN KI VIN BAY SWEN LAKAY-OU:


• Ajans pou Bòn timoun/Jèn fi Au Pair
• Ajans sèvis domestik
• WorkForce One/WorkForce Alliance
• Òganizasyon sitwayen twazyèm aj
• Òganizasyon relijye
• Vwazen, zanmi, konpayon travay

Si-w anboche yon moun nan yon ajans, tcheke enfòmasyon sou li ansanm ak politik li genyen pou egzamine bòn
timoun yo. Èske gen chans pou moun sa-a bay sèvis w-ap peye-a?

YON FWA OU FIN CHWAZI YON MOUN POU BAY PITIT OU SWEN:
• Fè yon kontra ki souliye salè ak responsablite moun k-ap bay swen-an
• Revize pèfòmans ak salè moun nan regilyèman.

OBLIGASYON-W KÒM YON ANPLWAYÈ:


• Ou dwe peye taks sekirite sosyal pou anplwaye-w lan.
• Ou dwe peye taks chomaj pou anplwaye-w lan.
• Ou pa bezwen retni taks revni federal amwenske anplwaye-w lan mande-w pou fè sa.

Note: Pou jwenn fòm sekirite sosyal ak fòm pou chomaj ki apwopriye, kontakte IRS nan 1-800-829-1040.

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


8
LÒT KALITE GADRI POU TIMOUN
SWEN MALADI:
Pral gen lè pitit ou an twò malad pou l ale nan pwogram pou swen timoun li an. Li saj pou gen yon plan ankake ta gen
jan de ijans sa yo. Tcheke avèk fanmi, zanmi, vwazen, konpayon travay ak moun ki bay swen pou ka jwenn yon
solisyon. Plizyè ajans bòn timoun ak ajans ki bay swen lakay pral voye yon moun ki bay swen pou ou. Pri yo varye ant
$6 a $12 pa è.

PASE LAGE TIMOUN YO:


Gen kèk sant ak moun ki bay swen timoun nan kay ki pral bay swen lè w bezwen yo. Moun ki bay swen yo mande pou
anrejistre alavans epi mande w pou avize yo leplis posib alavans. Yo chaje w pa jou oswa pa èdtan. Yo bay swen si
gen plas pou ou pou jou sa a.

GWOUP POU JWE:


Gwoup pou jwe yo se pwogram pati semèn, pati jounen ki fèt pou bay timoun ak jèn timoun nan laj preskolè yon
opòtinite pou sosyalizasyon. Sant pou swen timoun ki gen lisans ka ofri pwogram sa yo, gwoup legliz oswa tanp,
pwogram pak ak rekreyasyon lokal, oswa gwoup paran.

PWOGRAM MANMAN AK MWENMENM (MOM AND ME):


Pwogram Manman ak Mwenmenm (Mom and Me) fèt pou reyini paran yo ansanm ak tibebe yo oswa timoun yo
ansanm. Yo ofri paran yo aktivite ki apwopriye nan devlopman pou ede yo aprann plis konsènan devlopman timoun nan
yon atmosfè sosyal, ki bay sipò.

KAN SEZON ETE A:


Anpil etablisman swen pou timoun ki gen lisans konvèti nan yon atmosfè kan pandan mwa ete yo; yo ofri yon varyete
sòti edikatif ak aktivite espesyal. W ap jwenn lòt pwogram kan pandan ete a ki pa bezwen lisans nan pak yo, lekòl yo,
ak lòt kote, tankou kan espesyalize pou dans oswa karate, kan espò ak kan òdinatè, eksetera. Kèk ladan yo se moun ki
dirije yo, gen lòt se depatman rekreyasyon pak minisispal ak konte yo ki dirije yo. A pa de kote sa yo, YMCA lokal ak
klub Boys and Girls gen pwogram kan tou. Anpil pwogram ofri swen nan lè pwolonje pou reponn a bezwen paran k ap
travay yo.

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


9
SOU ZAFÈ LAJAN
Rechèch endike depans pou swen timoun se katryèm bagay ki pi chè nan bidjè yon fanmi. Se pa san rezon paran yo k
ap chèche swen pou timoun yo enkyete yo sou zafè pri.

SE POU MANDE MOUN OU KONTE ANBOCHE POU BAY SWEN AN:

• Nimewo sekirite sosyal ak idantifikasyon taks lè w anboche yo.


• Èske tout depans – tankou manje ak sòti rekreyatif – enkli nan pri pou semèn nan?
• Kilè pou peye? Èske yo aksepte chèk?
• Èske genyen frè si w vin chèche timoun nan anreta? Pou jou maladi? Pou vakans?
• Ki depans frè enskripsyon yo kouvri? Frè pou Founiti?
• Èske yo bay rabè si w enskri plis pase yon timoun nan fanmi an?
• Èske yo bay rabè pou anplwaye k ap travay pou yon konpayi an patikilye?
• Èske yo bay rabè pou paran ki pote plis biznis pou kote a?
• Èske yo bay rabè si paran an peye chak mwa olye de chak semèn?
• E si yo gen yon kontra?
• Si yo bay yon ranplasan lè yo pa disponib pou pran swen timoun ou an?

SE POU TCHEKE AK ANPLWAYÈ W:

• Èske yon DCAP disponib? (Dependent Care Assistance Plan) ki pèmèt anplwaye a mete dekote dola anvan
yo pran taks pou swen timoun.
• Èske yon sibvansyon pou swen timoun disponib pou anplwaye yo?
• Èske gen rabè ki disponib nan etablisman pou swen timoun yo?

SE POU CHWAZI YON OPSYON TAKS KI REPON A BEZWEN W PI BYEN:

• Kredi taks pou swen pou timoun pèmèt yon ranbousman 20% a 30% pou depans swen pou timoun swen lè w
ap ranpli taks oswa nan ogmantasyon yo baw nan chèk ou.
• Yon DCAP pèmèt ou mete lajan dekote nan yon kont anvan taks. Ou paka reklame lajan sa a kòm yon depans
pou swen timoun lè w ap ranpli taks.

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


10
ÈSKE PITIT OU AN KI GEN LAJ LEKÒL KA RETE NAN KAY LA
POUKONT LI?
CHÈCHE SIY POU WÈ SI LI PRÈ:

• Eksprime enterè pou l pran swen tèt li


• Fè travay li ak yon ti kras direksyon/oswa san w pa ba l direksyon
• Li kapab klete epi deklete pòt
• Itilize telefòn kòmsadwa

LÒT KONSIDERASYON:

• Èske genyen yon granmoun responsab ki pa twò lwen ankake ta gen yon ijans?
• Èske w santi lakay ou/vwazinaj ou jeneralman an sekirite?
• Èske timoun nan konn gen kriz, konpòtman vyolan?
• Èske timoun nan gen yon andikap ki mande pou l gen sipèvizyon?
• Èske timoun nan atire pa materyèl danjre?
• Èske timoun nan pè fènwa?

PREPARE PITIT OU AN:

Fikse règ konsènan:


 Rele nan telefòn
 Itilize telefòn
 Reponn lè yon moun frape pòt la
 Resevwa vizitè
 Fè ti manje
 Fè devwa
 Jwe deyò
 Fè travay nan kay
 Gade televizyon

Aprann pitit ou:


 Premye swen de baz
 Ki kote pou rele pou èd
 Kisa pou l fè si yon moun suiv li pou rive nan kay la
 Kisa pou l fè si li sanble yon vòle te pase nan kay la

Pa gen on laj ke yon timoun ka rete pou kont li lakay paske chak timoun diferan youn de lòt. Youn aprann reskonsabilite
pi vit pase yon lòt. Men li trè enpòtan ke ou konnen ke li santi ke li alèz si pou li rete sèl e ke li kapab demele li si gen
yon pwoblèm. Eseye de twa fwa pou wè ki jan li santi li epi diskite sa avèk li aprè. Ale dousman jiska ke li pare.

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


11
PLANIFYE KONJE MALADI…YO PRAL RIVE
Li inevitab pou paran ki gen timoun piti epi k ap travay pral anvan lontan fè fas a sitiyasyon kote timoun yo a malad.
Paran yo bezwen devlope yon plan ki pèmèt yo jere pwoblèm difisil sa a pou pran swen pitit yo ki malad nan yon fason
ki:
 Diminye estrès pou timoun nan
 Fasilite tansyon ak kilpabilite pou ou
 Fè biznis mache kòm sou woulèt pou anplwayè w

NAN KI DEGRE YON TIMOUN KA TWÒ MALAD POU L ALE NAN GADRI KOTE YO BAY SWEN POU
TIMOUN?
Sant ki bay swen pou timoun ak moun ki bay swen pou timoun nan yon kay pa sipoze bay swen timoun yo sispèk ki
genyen maladi kontajye tankou saranpyon, lawoujòl oswa farenjit streptokosik. Timoun ki montre sentòm tankou
gratèl ki pa dyagnostike, gòj fè mal, vomisman, oswa dyare pa dwe ale nan gadri swen pou timoun.

Lè w ap enskri pitit ou pou l resevwa swen, diskite avèk moun k ap bay swen an ki politik yo genyen sou zafè timoun ki
malad.

PREPARE W:
Anvan pitit ou malad, konsidere ki chwa ou pral genyen. Aprè w fin panse sou angajman ou genyen, ou pral konnen ki
pwoblèm ou gen pou fè fas nan bay pitit ou swen lè l malad.

LÈ POU PRAN SWEN PITIT OU KI MALAD:


Se petèt pi meyè chwa pou pitit ou an. Ki politik travay ou an genyen konsènan absans maladi? Èske w ka rearanje
pwogram ou nan travay ou oswa nan lekòl, oswa èske ou ka pote travay la lakay ou? Si de (2) paran ap elve timoun
nan epi yo gen orè fleksib, ou ka vle pataje chaj pou pran swen timoun nan lè li malad.

JWENN YON ALTÈNATIF POU SWEN PITIT OU:


Pifò paran k ap travay pral bezwen yon altènatif pou bay swen pou pitit yo ki malad. Chèche pou jwenn yon moun ou
ka depann sou li epi yon moun pitit ou an konnen epi renmen. Moun ou ka jwenn se petèt fanmi, zanmi, vwazen, moun
ki pran retrèt, ak elèv nan inivèsite. Moun nan ka bay swen an lakay ou oswa lakay moun nan, men jeneralman gen
mwens estrès pou ni oumenm ni pitit ou si moun k ap bay swen an vin lakay ou.

Diskite sitiyasyon w avèk plizyè moun ki bay swen anvan ou gen bezwen yo. Oumenm ansanm ak pitit ou an dwe
rankontre avèk yo anvan timoun nan malad. Plis nou konnen youn lòt, sa ap pi fasil pou pitit ou an lè li malad. Mete nou
dakò alavans sou lè moun nan disponib, aranjman pou transpò ak pri.

Kèk ajans swen enfimye nan zòn kote w rete a ka bay swen pou timoun ki malad. Sèvis sa yo bay travayè pou pran
swen pou timoun ki malad lakay yo. Si w enterese nan chwa sa a, rele ajans ki nan zòn ou an pou chèche konnen
kouman yo fonksyone (pri, fòmasyon moun ki bay swen yo genyen, eksetera) Gade nan paj jòn yo nan anyè telefonik
nan seksyon NURSES (ENFIMYÈ).

Anplis de sa, ka gen yon lopital nan zòn kote ou rete a ki bay piblik la sèvis swen pou timoun ki malad. Anvan w eseye
kite pitit ou an nan youn nan pwogram sa yo, asire w ou kontakte lopital la epi diskite politik yo genyen nan zafè sa a. Si
sa posib, mennen pitit ou an vizite pwogram nan anvan li tonbe malad pou ka aleje kèk enkyetid ak laperèz.
Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.
12
RESOUS SIPLEMANTÈ
Si yon paran sispèk pitit yo ka gen yon bezwen espesyal epi li ta renmen resous siplemantè nan kominote a, yo ka rele
Central Directory/FDLRS State Network nan 1-800-654-4440 oswa www.centraldirectory.org.

AU PAIRS, MOTHER'S HELPERS AND CAREGIVERS: THE COMPLETE GUIDE TO HOME CHILD CARE, Lyn
Yeiser.

GOING TO DAY CARE, Fred Rogers. G.P. Putnam's Sons, N.Y., 1985.

1,2,3,...... THE TODDLER YEARS, Irene Vander Fande. Santa Cruz Toddler Care Center, Santa Cruz, CA, 1990.

THE COMPLETE GUIDE TO CHOOSING CHILD CARE, Judith Berezin. Random House, New York, 1990
(Disponib nan Family Central, Inc.)

SCHOOLS OUT, Joan M. Bergstrom. Ten Speed Press, Berkeley, CA, 1990.

Òganizasyon Nasyonal ki anba a bay enfòmasyon siplemantè sou swen pou timoun:

The American Camp Association American Council of Nanny Schools


5000 State Road 67 North English Nanny & Governess School
Martinsville, IN 46151-7902 37 South Franklin Street
(765) 342-8456 Chagrin Falls, OH 44022
www.acacamps.org (800) 733-1984
www.nanny-governess.com
International Nanny Association
P.O. Box 1299
Hyannis, MA 02601
(888) 878-1477
www.nanny.org

National Association of Child Care Resource and Referral Agencies (N.A.C.C.R.R.A.)


1515 N. Courthouse Rd. 11th Fl.
Arlington, VA 22201
(703) 341-4100
www.naccrra.org

National Association for the Education of Young Children (N.A.E.Y.C.)


1313 L St. NW Suite 500
Washington, DC 20005
(800) 424-2460
www.naeyc.org

Child Care Handbook (Creole) ©2010 Family Central, Inc.


13
BROWARD
840 SW 81ST AVENUE
NORTH LAUDERDALE, FL 33068-2001
PHONE: 954-720-1000
877-5-FAMILY (877-532-6459)
FAX: 954-724-3900

PALM BEACH
3111 SOUTH DIXIE HIGHWAY, SUITE 222
WEST PALM BEACH, FL 33405-1548
PHONE: 561-514-3300
800-683-3327
FAX: 561-655-4575

1077 SOUTH MAIN STREET


BELLE GLADE, FL 33430
PHONE: 561-992-9290

©2010 Family Central, Inc.

You might also like