Download as docx, pdf, or txt
Download as docx, pdf, or txt
You are on page 1of 9

Lafwa e Mesaj Batis yo.

I. Ekriti yo
La Sent Bib te ekri pa yon sery de ôm ki te divinman enspire e se fason ke Bondye revele li
menm menm ak lôm. Se yon trezô pafè de enstriksyon divin. Otè a se Bondye, bi ki fè li ekziste
se sove, e tèm li se la verite, san li pa gen pyès erè ladan li. Se pandan, tout ekriti a totalman
veritab e konfyab. Li revele prensip yo ke Bondye sèvi pou jije nou, e Sa li ye a se sa lap toujou
ye jiska la fen mond lan, li se Sant verite Unyon Kretyen an, e li se nôm siprèm pou tout
kondwit, credo yo, e opinyon relijye imèn yo dwe jije. Tout ekriti yo se yon temwanyaj de Jezi,
ki se sant revelasyon divin.
Ekzod 24.4; Deteronôm 4.1-2; 17.19; Jozye 8.34; Som 19.7-10; 119.11, 89,105,140; Ezayi
34.16; 40.8; Jeremi 15.16; 36.1-32; Matye 5.17-18; 22.29; Lik 21.33; 24.44-46; Jan 5.39; 16.13-
15; 17.17; Ak 2.16 - ; 17.11; Romen 15.4; 16.25-26; 2 Timote 3.15-17; Ebre 1.1-2; 4.12; 1 Pyè
1.25; 2 Pyè 1.19-21.

II. Bondye
Gen yon Bondye, e yon sèl la ki genyen, li vivan e vrè. Li se yon moun entelijan, espirityèl e
pèsonèl, Kreatè a, Redamptè a, Prezèvatè a e Gouvènè inivè a. Bondye enfini nan sentete e nan
tout lôt pèfeksyon yo. Bondye gen tout pouvwa e li konnen tout bagay; e konesans pafè sa a ke li
genyen an rive depi nan bagay pase, prezan e fiti yo, e enkli tout desizyon nan tan kap vini yo ke
kreati lib li yo pral fè. Nou dwe li lanmou ki pi elve ki ka ekziste a, reverans e obeyisans. Bondye
ki pap janm fini an (etènèl) e an twa pèsôn lan revele li kôm Papa, Pitit e Espri Sen an, avèk
distenk atribi pèsonèl, men san divizyon de nati, esans ou byen sa li di li ye a (èt).
A. Bondye Papa a.
Bondye etanke Papa a renye avèk atansyon providansyal sou tout linivè a, kreyati li yo, e tout
pakou de listwa imèn nan tonbe dakô ak rezon gras li yo. Li gen tout pouvwa, Li konnen tout
bagay, tout lanmou, tout sajès. Bondye an verite se Papa tout sa yo ki rive devni pitit li akoz
de Jezi Kris pa mwayen de lafwa. Li patènèl nan atitid li anvè tout moun.

Jenèz 1.1;2.7; Egzôd 3.14; 6.2-3; 15.11 - ; 20.1 -; Levitik 22.2; Deteronôm 6.4; 32.6; 1 Kronik
29.10; Sôm 19.1-3; Ezayi 43.3, 15; 64.8; Jeremi 10.10; 17.13; Matye 6.9 -; 7.11; 23.9; 28.19;
Mak 1.9-11; Jan 4.24; 5.26; 14.6-13; 17.1-8; Ak 1.7; Romen 8.14-15; 1 Korentyen 8.6; Galat 4.6;
Efezyen 4.6; Kolosyen 1.15; 1 Timote 1.17; Ebre 11.6; 12.9; 1 Pyè 1.17; 1 Jan 5.7.

1
B. Bondye Pitit la.
Kris se Pitit etènèl Bondye a. Nan enkanasyon li kôm Jezikris pa mwayen Sentespri a li te
pran nesans li de Vyèj Mari. Jezi te revele e te akonpli pafètman volonte Bondye a, Li pote
nati imèn nan ak tout chaj li e tout nesesite li e li idantifye li konplètman ak limanite, men san
peche. Li te onore la lwa divin pa mwayen obeyisans li, e nan lanmô li te pran nan plas nou
sou la kwa, li te fè provizyon pou redampsyon pou peche tout moun ou lemond antye. Li te
leve pami mô yo ak yon kô glorifye e disip yo te wè li menm jan li te ye a avan menm ke li te
krisifye a. Li te monte nan syèl e kounye li ap egzalte nan sen Bondye kote ke li se Sèl
Medyatè, konplètman Bondye, konplètman lôm, nan Pèsôn sa a li efektye rekonsilyasyon ant
Bondye e Lôm. Li gen pou li tounen ak tout pouvwa li e glwa li pou li ka jije lemond e fini
ak misyon redanptè li. Li ap viv kounyè a nan lavi tout moun ki kwè li kôm Snyè ki vivan an
ki konnen tout bagay la.

Jenèz 18.1-; Sôm 2.7-; 110.1-; Ezayi 7.14; 53; Matye 1.18-23; 3.17; 8.29; 11.27; 14.33;
16.16,27; 28.1-6;19; Mak 1.1; 3.11; Lik 1.35; 4.41; 22.70; 24.46; Jan 1.1-18, 29; 10.30, 38;
11. 25-27; 12.44-50; 14.7-11; 16.15-16, 28; 17.1-5, 21; 8.1-3, 34; 10.4; 1 Korentyen 1.30;
2.2; 8.6; 15.1-8, 24-28; 2 Korentyen 5.19-21; 8.9; Galat 4.4-5; Efezyen 1.20; 3.11; 4.7-10;
Filipyen 2.5-11; Kolosyen 1.13-22; 2.9; 1 Tesalonisyen 4.14-18; 1 Timote 2.5-6; 3.16; Tit
2.13-14; Ebre 1.1-3; 4.14-15; 7.14-28; 9.12-15, 24-28; 12.2; 13.8; 1 Pyè 2.21-25; 3.22; 1 Jan
1.7-9; 3.2; 4.14-15; 5.9; 2 Jan 7-9; Revelasyon 1.13-16; 5.9-14; 12.10-11; 13.8; 19.16.

C. Bondye, Sentespri a.
Sentespri a se Espri Bondye, Konplètman diven. Se li menm ki te enspire lôm ansyen yo pou
yo te ka ekri Ekriti yo. Pa mwayen de iliminasyon li bay lôm kapasite pou yo kapab
konprann verite a. Li egzalte Kris. Li konvenk lôm de peche yo, de jistis, e de jijman. Li fè
apèl ak lôm pou vin jwen sovè a, e se li ki efektye rejenrasyon an. Nan rejenerasyon an li
batize chak kretyen nan kô Kris la. Se li ki kiltive Karaktè kretyen an, li konsole kretyen yo,
e li ba yo don espirityèl yo pou yo ka sèvi Bondye nan legliz lokal yo. Li mete so sou kretyen
yo pou jou redanpsyon final la. Prezans li nan kretyen an se garanti ke Bondye ap Mennen
kretyen an nan nivo kote ke Jezikris ye a. Li louvre je e bay kretyen an pouvwa e legliz lokal
la nan adorasyon, evanjelizasyon, e sèvis.

Jenèz 1.2; Jij 14.6; Job 26.13; Sôm 51.11; 139.7 - ; Ezayi 61.1-3; Joèl 2.28-32; Matye 1.18;
3.16; 4.1; 12.28-32; 28.19; Mak 1.10,12; Lik 1.35; 4.1, 18-19; 11.13; 12.12; 24.49; Jan
4.24; 14.16-17, 26; 15.26; 16.7-14; Ak 1.8; 2.1-4; 38; 4.31; 5.3; 6.3; 7.55; 10.44; 15.28;
16.6; 19.1-6; Romen .9-11, 14-16, 26-27; 1 Korentyen 2.10-14; 3.16; 12.3-11,13; Galat

2
4.6; Efezyen 1.13-14; 4.30; 5.18; Tesalonisyen 5.19; 1 Timote 3.16; 4.1; 2 Timote 1.14;
3.16; Ebre 9.8, 14; 2 Pyè 1.21; 1 Jan 4.13; 5.6-7; Revelasyon 1.10; 22.17.

III. Lôm
Lôm nan se kreasyon prensipal Bondye. Li fèt avèk imaj li menm. Li kreye ôm e fanm tankou
kourôn kreyasyon li. Youn nan bonte Bondye nan kreyasyon an se diferans ant sèks(fanm e
gason). Nan kômansman an Lôm te inosan e Bondye te bali kapasite pou li chwazi. Koz prôp
desizyon lôm nan, li peche kont Bondye e menmen peche a nan ras imèn nan. A koz tantasyon
Satan lôm transgrese kômandman Bondye, e pèdi kondisyon inosans lan ki fè prosterite li eritye
yon nati ki enkline devan peche, Se sa ki fè menm lè ke lôm nan te ka fè yon aksyon moral ki
bon olye sa li devni yon transgresè pito e li anba kondenasyon. Se sèlman gras Bondye ki rale
lôm nan pou li akonpli rezon ke Bondye te kreye li a. Sentete de pèsonalite imèn lôm nan tèlman
evidan ke Bondye kreye lôm nan avèk imaj li, e ke Kris mouri pou lôm nan; Se pou sa, chak
moun nan chak ras posede dinyete absoli e dign de respè e de amou Kris la.

Jenèz 1.26-30; 2.5,7.18-22; 3; 9.6; Sôm 1;8.3-6; 32.1-5; 51.5; Ezayi 6.5; Jeremi 17.5; Matye
16.26; Ak 17.26-31; Romen 1.19-32; 3.10-18,23; 5.6,12,19; 6.6; 7.14-25; 8.14-18,29; 1
Korentyen 1.21.-31; 15.19,21-22; Efezyen 2.1-22; Kolosyen 1.21-22; 3.9-11.

IV. Sove
Sove a gen ladan li redampsyon total lôm nan, e li gratis pou tout moun ki resevwa Jezikris kôm
sèl sovè pèsonèl yo, li menm ki avèk prôp san li bay redanpsyon etènèl ak tout moun ki kwè.
Angro sove a li gen la dan li rejenerasyon, jistifikasyon, sanktifikasyon, e glorifikasyon. Pa gen
sove san lafwa pèsonèl nan Jezikris kôm sovè.
A. Rejenerasyon, ou byen nouvo nesans lan, se yon travay gras Bondye kote ke kretyen yo
devni moun nouvo nan Jezikris. Se yon chanjman de kè, ke Sentespri a fè pa mwayen de
konviksyon de peche. Repantans lan e lafwa yo se esperyans de gras enseparab.

Repantans lan se vire do bay peche e ale jwenn Bondye. Lafwa se aksepte Jezikris e bay
ou konplètman ak Jezikris kôm sèl Senyè e sovè ou.

B. Jistifikasyon an, Se èv gras Bondye pou tout pechè ki repanti e kwè nan Jezikris.
Jistifikasyon an mete moun ki kwè a nan yon relasyon lapè e favè ak Bondye.

C. Sanktifikasyon se eksperyans ki kômanse nan rejenerasyon an, se pa mwayen li ke


kretyen an mete apa ou separe li pou objektif Bondye, e kapasite li ou prepare li pou

3
matirite espirityèl pa mwayen de Sentespri a ki ap viv nan li a. Grandi nan lagras dwe
kontinye pandan tout lavi moun ki rejenere a.
D. Glorifikasyon an se pa mwayen sove a e se eta beni e pèmanan de moun ke Bondye
rachte a.

Jenèz 3.15; Egzôd 3.14-17; 6.2-8; Matye 1.21; 4.17; 16.21-26; Lik 1.68-69; 2.28-32; Jan
1.11-14, 29; 3.3-21, 36; 5.24; 10.9, 28-29; 15.1-16; 17.17; Ak 2.21; 4.12; 15.11; 16.33-
31; 17.30-31; 20.32; Romen 1.16-18; 2.4; 3.23-25; 4.3 - ; 5.8-10; 6.1-23; 8.1-18, 29-39;
10. 9-10, 13; 13.11-14; 1 Korentyen 1.18, 30; 6.19-20; 15.10; 2 Korentyen 5.17-20; Galat
2.20; 3.13; 5.22-25; 6.15; Efezyen 1.7; 2.8-22; 4.11-16; Filipyen 2.12-13; Kolosyen 1.9-
22; 3.1- ; 1 Tesalonisyen 15.23-24; 2 Timote 1.12; Tit 2.11-14; Ebre 2.1-3; 5.8-9; 9.24-
28; 11.1-12. 8,14; Jak 2.14-26; 1 Pyè 2-23; 1 Jan 1.6-2.11; Revelasyon 3.20; 21.1-22.5.

V. Rezon gras Bondye a.


Eleksyon an se rezon gras Bondye, kote ke li rejenere, li jistifye, li sanktifye e glorifye pechè
yo. Se ekspresyon gloriye de bonte souveren de Dye e li enfiniman saj, sen. Enkli e promote
imilite.
Tout vrè kretyen yo pèsevere jiska lafen. Sa yo ke Bondye aksepte nan Kris e li sanktifye yo pa
mwayen Sentespri a, yo pap jan m pèdi gras la, olye ke yo pèdi li yap pèsevere jiska la fen.
Kretyen yo ka tonbe nan peche akoz de neglijans e tantasyon, ki ka koz ke yo atriste Sentespri a,
e koz reprôch pou koz Kris la e menm jijman pou yon ti tan sou yo; men yo toujou ap proteje pa
pouvwa Bondye pa mwayen lafwa pou sove yo ou byen yap toujou rete sove.

Jenèz 12.1-3; Egzôd 19.5-8; 1 Samyèl 8.4-7, 19-22; Ezayi 5.1-7; Jeremi 31.31- ; Matye 16.18-
19; 21.28-45; 24.22,31; 25.34; Lik 1.68-79; 2.29-32; 19.41-44; 24.44-48; Jan 1.14-14; 3.16;
5.24; 6.44-45,65; 10.27-29; 15.16; 17.6; 12.17-18; Ak 20.32; Romen 5.9-10; 8.28-29; 10.12-15;
11.5-7, 26-36; 1 Korentyen 1.1-2; 15.24-28; Efezyen 1.4-23; 2.1-10; 3.1-11; Kolosyen 1.12-14; 2
Tesalonisyen 2.13-14; 2 Timote 1.12; 2.10.19; Ebre 11.39 – 12.2; Jak 1.12; 1 Pyè 1.2-5,13; 2.4-
10; 1 Jan 1.7-9; 2.19; 3.2.

VI. Legliz la
Yon legliz nouvo Testaman Senyè Jezikris se yon kongregasyon lokal y otonôm de kretyen ki
batize, ki asosye pa mwayen lafwa e akonpanye de levanjil la; lap akonpli de (2) ôdonans Kris
yo, gouvène pa la lwa li yo, kap egzèse don yo, dwa yo e privilèj yo ke li envesti nan parôl li, e
ki ap fè tout efô li pou preche levanjil la jouk ka denyè pwent late. Chak kongasyon sèvi anba
pouvwa Jezikris pa yon prosè demokrasy, nan kongregasyon sa a chak manb yo responsab pou
rann Jezikris kont kôm Senyè yo. Ofisye li yo daprè la Bib se Pastè yo e Dyak yo. Menm lè ke
tout moun gen don pou sèvi nan legliz lokal la, men ofis Pastè a daprè la Bib, li limite pou lôm.

4
Nouvo Testaman an pale de Legliz tou tankou kô Kris la kote ke li enkli ou mete tout moun ki
sove yo nenpôt laj, kretyen nan nempôt tribi, e lang, e pèp e nasyon.
Matye 16.15-19; 18.15-20; Ak 2.41-42, 47; 5.11-14; 6.3-6; 14.23,27; 15.1-30; 16.5; 20.28;
Romen 1.7; 1 Korentyen 1.2; 3.16; 5.4-5; 7.17; 9.13-14; 12; Efezyen 1.22-23; 2.19-22; 3.8-11,
21; 5.22-32; Filipyen 1.1; Kolosyen 1.18; 1 Timote 2.9-14; 3.1-15; 4.14; Ebre 11.39-40; 1 Pyè
5.1-4; Revelasyon 2-3; 21.2-3.

VII. Batèm e Lasèn Senyè a.


Batèm kretyen an se lè yon moun ki kwè plonje nan dlo nan non Papa a, Pitit la ak Sentespri a.
Se yon ak ou pwèv de obeyisans ki senbolize lafwa kretyen an nan yon sovè ki krisifye, ki antere
e resisite, lanmô kretyen an pa rapô ak peche, antèman ansyen vi a, e rezireksyon pou mache nan
yon vi ki nouvo nan Jezikris. Se temwanyaj moun ki kwè a de rezireksyon final pami mô yo.
Kôm se yon ôdonans legliz lokal la, li se yon privilèj pou ka devni manb nan legliz la e patisipe
nan lasèn Senè a.
Lasèn Senyè a se yon ak senbolik de obeyisans kote ke manb legliz yo, pandan yap patisipe nan
pen an e nan diven an yap komemore lanmô e rezireksyon e anonse retou Redanmtè a.

Matye 3.13-17; 26.26-30; 28.19-20; Mak 1.9-11; Lik 3.21-22; 22.19-20; Jan 3.23; Ak 2.41-42;
8.35-39; 16.30.33; 20.7; Romen 6.3-5; 1 Korentyen 10.16, 21; 11.23-29; Kolosyen 2.12.

VIII. Jou Senyè a.


Premye jou nan semèn nan se jou Senyè a. Se yon enstitisyon Kretyen ki dwe obsève
regilyèman, Nan memwa rezireksyon Kris e se egzèsis de adorasyon e devosyon espirityèl,
tankou piblik ou byen prive. Aktivite yo ki fèt nan jou Senyè a dwe an akô avèk konsyans
kretyèn anba pouvwa Jezikris.
Egzôd 20.8-11; Matye 12.1-12; 28.1- ; Mak 2.27-28; 16.1-7; Lik 24.1-3,33-36; Jan 4.21-24;
20.1,19-28; Ak 20.7; Romen 14.5-10; 1 Korentyen 16.1-2; Kolosyen 2.16; 3.16; Revelasyon
1.10.

IX. Wayôm nan


Wayôm Bondye a enkli tou souveren jeneral Bondye sou tout linivè a espesyalman sou tout
lôm ki volontèman rekonèt li kôm Rwa. De fason patikilye wayôm nan se wayôm Sali a kote ke
lôm nan antre lè li te aksepte Kris kôm sèl sovè pèsonèl li pa mwayen lafwa ki sanble ak lafwa
yon timoun. Kretyen yo dwe priye e travay pou ke wayôm nan ka vini e pou volonte Bondye ka
fèt sou tout tè a. konsomasyon final Wayôm nan se retou Kris e fen tout mond lan.

5
Jenèz 1.1; Ezayi 9.6-7; Jeremi 23.5-6; Matye 3.2; 4.8-10,23; 12.25-28; 13.1-52; 25.31-456;
26.29; Mak 1.14-15; 9.1; Lik 4.43; 8.1; 9.2; 12.31-32; 17.20-21; 23.42; Jan 3.3; 18.36; Ak 1.6-7;
17.22-31; Romen 5.17; 8.19; 1 Korentyen 15.24-28; Kolosyen 1.13; Ebre 11.10,16; 12.28; 1 Pyè
2.4-10; 4.13; Revelasyon 1.6,9; 5.10; 11.15; 21-22.

X. Dènyè bagay yo.


Bondye, nan tan li jije bon nan fason li, mond lan gen pou li fini. Draprè promès li, Jezikris gen
pou li retounen sou tè a ak tout glwa li e an pèsôn; mô yo gen pou yo resisite, e Kris gen pou li
jije tout moun avèk jistis. Moun ki pa jis yo gen pou kondane nan lanfè, nan chatiman ki pap jan
m fini an. Moun ki jis yo gen pou yo resisite e resevwa rekonpans e yo pral viv pou tout tan ak
Bondye nan syèl la ak Senyè a.
Ezayi 2.4; Matye 16.27; 18.8.9; 19.28; 24.27,30,36,44; 25.31-46; 26.64; Mak
8.38; 9.43-48: Lik 12.4048; 16.19-26; 17.22-37; 21.27-28; Jan 14.1-3; Ak
1.11; 17.31; Romen 14.10; 1 Korentyen 4.5; 15.24-28,35-58; 2 Korentyen 5.10;
Filipyen 3.20-21; Kolosyen 1.5; 3.4; 1 Tesalonisyen 4.14-18; 5.1 -. 2
Tesalonisyen 1.7 -; 2; 1 Timote 6.14; 2 Timote 4.1,8; Tit 2.13; Ebre
9.27-28; Jak 5.8; 2 Pyè 3.7 -. 1 Jan 2.28; 3.2; Jid 14; Revelasyon
1.18; 3.11; 20:1-22.13.

XI. Evanjelisme (syans ki etidye levanjil la) e Misyon.


Se devwa e privilèj chak moun kap swiv Kris e chak legliz Senyè Jezikris pou fôse yo pou yo
ka fè disip nan tout nasyon yo. Nouvo nesans espirityèl lôm nan vle di nesans nan lanmou pou
lôt moun yo. Efô misyonè pou tout moun, sepandan, depan n de nesesite espirityèl lavi rejenere.
Li esprime e ôdone san rete nan ansenyeman Jezikris yo. Senyè Jezi kômande nou pou nou
preche levanjil nan tout nasyon yo. Se devwa tout pitit Bondye yo pou ganye nanm pèdi yo pa
mwayen temwanyaj pèsonèl e fason nap viv kôm kretyen, e lôt metôd de an amoni avèk levanjil
kris.
Jenèz 12.1-3; Ezôd 19.5-6; Isaías 6.1-8; Matye 9.37-38; 10.5-15; 13.18-30, 37-
43; 16.19; 22.9-10; 24.14; 28.18-20; Lik 10.1-18; 24.46-53; Jan 14.11-12;
15.7-8,16; 17.15; 20.21; Ak 1.8; 2.; 8.26-40; 10.42-48; 13.2-3; Romen
10.13-15; Efesyen 3.1-11; 1 Tesalonisyen 1.8; 2 Timote 4.5; Ebre 2.1-3;
11.39-12.2; 1 Pyè 2.4-10; Revelasyon 22.17.

XII. Edikasyon
Kretyènte se lafwa de eliminasyon e entelijans. Nan Jezikris se la ki abite tout trezô de sajès e
konesans. Tout konesans de baz, sepandan se yon pati nan eritaj kretyèn nan. Nouvo nesans lan

6
ouvè tout fakilte imèn yo e li kreye yon swaf pou konesans. Lôt bagay ankô, se koz edikasyon
nan Wayôm Kris la dwe koôdone ak koz misyon, e Legliz lokal la dwe sipôte sa. Yon sistèm
edikasyon kretyèn ki djanm trè nesesè pou konplete program esperityèl kô Kris la.
Edikasyon kretyèn nan dwe genyen yon balans antre libète akademik e reponsabilite akademik.
Libète nan nenpôt relasyon imèn ki ôdone li toujou limite e pa janm absoli. Libète yon profesè
nan yon enstitisyon edikatif kretyen, lekôl, kolèj, inivèsite ou byen seminè, toujou limite pa
preeminans de Jezikris, nati otoritatif parôl la se pou rezon sa a menm ke lekôl la egziste.
Deteronôm 4.1, 5 ,9, 14; 6.1-10; 31.12-13; Neemi 8.1-8; Job 28.28; Sôm
19.7 - . 119.11; Provèb 3.13 - .; 4.1-10; 8.1-7,11; 15.14; Eklesias
7.19; Matye5.2; 7.2 - .; 28.19-20; Lik 2.40; 1 Korentyen 1.18-31; Efezyen
4.11-16; Filipyen 4.8; Kolosyen 2.3, 8-9; 1 Timote 1.3-7; 2 Timote 2.15; 3.14-
17; Ebre 5.12-6.3; Jak 1.5; 3.17.

XIII. Majôdôm ou jeran Fidèl.


Bondye se sous tout benediksyon, tamporè e espirityèl; tout sa nou genyen e nou ye nou dwe yo
ak Li. Kretyen yo gen yon dèt espirityèlman avèk tout lemond, yon chaj ki sen nan levanjil la, e
yon majôdôm obligatwa nan byen li ye. Epi tou, kretyen yo gen obligasyon pou sèvi Bondye
avèk tan yo, talan yo tout bagay materyèl yo; e dwe konnen ke tout bagay sa yo Bondye konfye
nou yo pou nou itilize yo pou glwa li e pou ede lôt moun. An akô ak Parôl la, kretyen yo dwe
toujou kontribye ak kè kontan e ak liberalite pou koz Redamptè a ka progrese sou tè a.
Jenèz 14.20; Levitik 27.30-32; Deteronôm 8.18; Malachi 3.8-12; Matye
6.1-4,19-21; 19.21; 23.23; 25.14-29; Lik 12.16-21,42; 16.1-13; Ak 2.44-47;
5.1-11; 17.24; 25.20-35; Romen 6.6-22; 12.1-2; 1 Korentyen 4.1-2; 6.19-20; 12;
16.1-4; 2 Korentyen 8-9; 12.15; Filipyen 4.10-19; 1 Pyè 1.18-19.

XIV. Kooperasyon
Pèp Kris la dwe, daprè nesesite ki prezante a, ôganize asosyasyon e konvansyon ki nan mwayen
ki pi posib la pou koopere pou kapab realize gran objektif Wayôm Bondye a. Oganizasyon sa yo
youn pa gen dwa sou lôt ni sou lôt legliz yo. Yo se ôganizasyon volontè pou yo ka konseye,
dekouvri, konbine e dirije enèji pèp nou an nan yon fason ki pi efikas. Manm nan legliz Nouvo
Testaman yo dwe koopere youn ak lôt pou ministè yo ka avanse, misyon, edikasyon e benevolan
pou Wayôm Kris la ka prolonje. Inite Kretyen nan sans nouvo testaman an, se amoni espirityèl e
kooperasyon volontè pou rezon komen lôt group nan mitan pèp Bondye a. Kooperasyon nan
mitan denominasyon kretyen yo vrèman bon si tou lè rezon kooperasyon an se pou bon koz, e
ankô lè kooperasyon an pa vyole pyès nan parôl la ou kontrè ak sa ki ansenye nan Nouvo
Testaman an.
Egzôd 17.12; 18.17- ; Jij 7.21; Esdras 1.3-4; 2.68-69; 5.14-15; Neemi

7
4; 8.1-5; Matye 10.5-15; 20.1-16; 22.1-10; 28.19-20; Mak 2.3; Lik 10.1- ; Ak 1.13-14; 2.1- ;
4.31-37; 13.2-3; 15.1-35; 1 Korentyen 1.10-17;3.5-15; 12;2 Korentyen 8 y 9; Gálatas 1.6-10;
Efezyen 4.1-16; Filipyen 1.15-18.

XV. Kretyen an e lôd Sosyal.

Tout kretyen yo anba obligasyon pou fè volonte Kris nan lavi yo e reponn ak obligasyon sosyete
imèn nan. Metôd ki itilize pou amelyore sosyete a e pou etabli jistis antre lôm yo ka vrè e
pèmanan e itil sèlman si rasin yo soti nan gras Sali a ke Bondye pa mwayen Jezikris. Nan espri
Kris la, tout kretyen yo dwe opoze ak rasis, tout fôm de avaris, egoyis, vis, tout fôm de imoralite
e enkli adiltè Omoseksyalite e pônografi. Nou dwe travay pou ede sa yo ki pa gen paran ki pou
ede yo, sayo ki nan nesesite, sa yo yap fè abi, ansyen yo, sa yo ki san defans e ki malad. Nou dwe
kanpe pou sa yo ki nan vant e lite pou sentete tout vi imèn depi nan akouchman jiska lanmô
natirèl. Tout kretyen yo dwe kanpe pou fè endistri yo gouvènman yo bay lajistis a tout moun,
laverite e lanmou fratènèl. Pou ka fè sa Kretyen yo dwe prè pou travay ak tout moun ki gen bon
volonte nan nenpôt ka, ak ide sitwayen nan espri damou san ke li pa bliye Bondye e ki sa parôl li
di.

Egzôd 20.3-17; Levitik 6.2-5; Deteronôm 10.12; 27.17; Sôm 101.5; Miche
6.8; Zakari 8.16; Matye 5.13-16,43-48; 22.36-40; 25.35; Mak 1.29-34; 2.3 - .; 10.21; Lik 4.18-
21; 10.27-37; 20.25; Juan 15.12; 17.15; Romen 12-14;
1 Korentyen 5.9-10; 6.1-7; 7.20-24; 10.23-11-1; Galat 3.26-28; Efezyen 6.5-9;
Kolosyen 3.12-17; 1 Tesalonisyen 3.12; Filemon; Jak 1.27; 2.8.

XVI. Lapè e Lagè

Se devwa tout kretyen yo pou chache lapè ak tout moun, baze sou prensip lajistis yo. An akô ak
Sentespri a e ansenyeman Kris yo. Kretyen yo dwe fè tout sak posib pou mete lafen nan sa ki rele
lagè a.

Vrè remèd pou espri de lagè se levajil Senyè nou an. Pi gran nesesite mond sa se aksepte tout
ansenyeman Kris yo nan tout relasyon antre lôm ak lôm e tout nasyon yo, e aplike lwa lanmou li.
Tout Kretyen yo nan tout mond lan dwe priye pou wayôm Prens de pè a.

Ezayi 2.4; Matye 5.9,38-48; 6.33; 26.52; Lik 22.36,38; Romen 12.18-19;
13.1-7; 14.19; Ebre 12.14; Jak 4.1-2.

XVII. Libète Relijyon.

Sèlman Bondye ki se Senyè konsyans, e li kite li lib de tout ansènyeman, kômandman ôm ki


kontrè ak parôl li. Legliz e leta dwe separe. Leta dwe proteje legliz yo pou yo ka pratike fwa
spirityèl yo. Si gen libète sa a vre pyès group eklesiastik ou denominasyon pa dwe gen pyès
konsiderasyon ke lôt devan leta. Kôm gouvènman Sivil la ôdone pa Bondye, se devwa tout
kretyen pou yo soumèt devan tout sa leta a mande sili pa kontrè ak parôl Bondye. Legliz la pa
dwe ale nan leta pou ale chachè èd pou regle zafè li. Levanjil Kris la konsidere sèlman resous

8
espirityèl pou li ka regle sa ke li gen pou regle. Leta pa gen dwa pou li pini ou bay problem pou
pyès opinion relijye. Leta pa gen dwa pou li mete pyès dèt pou ezistans pyès group relijye. Vi
kretyen ki bon se sa ki se yon legliz ki lib e nan yon vil ki lib, e sa aplike dwa pou tout moun e
aksè san problem ak Bondye, e dwa pou fôme ou pataje ide sou relijyon, san problem de pouvwa
sivil la.

Jenèz 1.27; 2.7; Matye 6.6-7, 24; 16.26; 22.21; Jan 8.36; Ak 4.19-20;
Romen 6.1-2; 13.1-7; Galat 5.1, 13; Filipyen 3.20; 1 Timote 2.1-2; Jak
4.12; 1 Pyè 2.12-17; 3.11-17; 4.12.19.

XVIII. Fanmi an.

Bondye ôdone lafanmi kôm enstitisyon fondamantal sosiete imèn nan. Li konpoze de moun ki
relasyone youn ak lôt pa mwayen maryaj, san ou adopsyon.

Maryaj la se inyon yon fanm e yon gason ki nan yon akô ou yon pak ke yo fè pou rete ansanm
jouk lanmô separe yo. Se yon don inik ke Bondye bay pou revele inyon antre Kris e legliz li a e se
yon mwayen pou bay gason e fanm yon relasyon entim, yon mwayen pou reponn ak bezwen
seksyèl yo daprè la Bib, e yon mwayen pou ras imèn nan ka toujou reprodwi.
Mari a e madanm nan gen menm valè devan Bondye, paske tou de(2) te fèt nan imaj Bondye.
Relasyon matrimonial la se yon egzanp de kouman ke Bondye vle pou pèp li a viv. Yon mari dwe
renmen madanm li menm jan ke Kris renmen legliz la. Li responsab devan Bondye pou li pran
swen fanmi an, proteje li, dirije li.Yon madanm dwe soumèt devan mari li, menm jan legliz la
soumèt volontèman sou direksyon Kris. Fi a kreye nan imaj Bondye menm jan ak Mari li, yo tou
de(2) dwe sèvi youn lôt, respekte youn lôt nan administrasyon kay la e nan edikasyon pou
propare jenerasyon kap vini an.

Timoun yo, depi yo fin fèt, se yon benediksyon e eritye Senyè a ke yo ye. Paran yo dwe se yon
model nan maryaj pou timoun yo. Paran yo dwe ansenye timoun yo tout valè espirityèl e moral
yo, e dirije yo, nan yon egzamp de vi disipline e nan lanmou, pou yo ka pran desizyon ki baze sou
verite biblik. Ti moun yo dwe onore e obeyi ak paran yo.

Jenèz 1.26-28; 2.15-25; 3.1-20; Egzôd 20.12; Deteronôm 6.4-9; Jozye 24.15;
1 Samyèl 1.26-28; Sôm 51.5; 78.1-8; 127; 128; 139.13-16; Provèb 1.8; 5.15-
20; 6.20-22; 12.4; 13.24; 14.1; 17.6; 18.22; 22.6,15; 23.13-14; 24.3: 29.15,17;
31.10-31; Eklesias 4.9-12; 9.9; Malachi 2.14-16; Matye 5.31-32; 18.2-5;
19.3-9; Mak 10.6-12; Romen 1.18-32; 1 Korentyen 7.1-16; Efezyen 5.21-33;
6.1-4; Kolosyen 3.18-21; 1 Timote 5.8,14; 2 Timote 1.3-5; Tit 2.3-5;

http://www.sbc.net/bfm/bfm2000span.asp
Copyright © 1999-2002, Southern Baptist Convention. All Rights Reserved.

Tradwi an Kreyôl pa: Dyrold Silencieux

You might also like