Download as docx, pdf, or txt
Download as docx, pdf, or txt
You are on page 1of 8

I. LET POU LEGLIZ NAN EFEZ (Rev.

2:1-7)

Legliz nan Efèz la konplimante pou fèm te li, sitou kont fo apot yo. Men, pandan y ap kanpe pou
verite a, yo te pèdi premye lanmou yo. Kris Ankouraje yo repanti epi retabli nan fè "premye
travay yo", yo te avèti ke "Chandelye" yo ta ka retire si yo pa repanti (1-7).

Etid sou pasaj la.

A.SENYE A DEKRIVE LI (17).


1.ʺSila ki kenbe set etwal yo nan men dwat li aʺ

2. "Sila a ki mache nan mitan sèt chandelye an lò yo.ʺ

B. REKOMANDASYON (2-3,6)
1. Pou travay yo, travay ak pasyans yo.

a. Yo pa ka sipòte moun ki mal yo, yo teste moun ki di ke yo apòt, men yo te mantè


b. Pèseverans yo, pasyans ak travay pou non li, yo pa janm bouke ou fatige.

2. Yo rayi zak Nicolais yo, menm jan ak Senyè a.

C. KONDENASYON AK AVÈTISMAN (4-5)


1. Kondanasyon
a. Seyè a gen yon bagay kont yo
b. Yo kite premye renmen yo
2. Avètisman
a. Sonje ki kote w te tonbe.

b. Tounen vin jwenn Bondye ak fè premye travay yo anko .

c. Oubyen Senyè a ap vini vit epi retire chandelye yo nan plas li.

D. EKZORTASYON AK PROMES (7)

1. Koute sa Lespri a di legliz yo.

2. Pou moun ki va pote viktwa, Li pral bay yo manje nan pyebwa ki bay lavi a nan mitan
paradi Bondye a.
II. LET POU LEGLIZ ESMIN NAN (Rev. 2:8-11)

Legliz nan Smyrnea te konplimante paske yo te "rich" malgre tribilasyon yo ak povrete.


Kontrèman ak pifò lòt legliz yo, pa gen okenn mo kondanasyon anvè li. Pandan ke yo tap
fè eksperyans pèsekisyon, yo te ankouraje paske yo te rete fidèl jiska lanmò (8-11)

Etid sou pasaj la.

A. SENYE A DEKRIVE LI (8)

1."Premye a ak dènye a"

2. " sila ki te mouri a, epi ki te retounen viv la"

B. REKOMANDASYON (9a)
1. Pou travay yo, tribilasyon, ak povrete.
2. Men, yo te rich

C. EKZOTASYON AK PROMES (9b-11)

1.Seyè a konnen moun ki pretann ke yo se jwif men yo se yon sinagòg Satan

2. Yo pat pè soufrans yo .

a. Djab la tap voye kèk nan yo nan prizon, pou te ka teste yo.
b. Yo pral gen tribilasyon pou dis jou.

3. Rete fidél fidèl jiska lanmò, epi li pral ba yo kouwòn lavi a.

4.Koute sa Lespri a ap di legliz yo.

5. Moun ki va genyen la viktwa a pap janm sibi dezyèm lanmò a.


III. LET POU LEGLIZ PEGAM NAN (Rev.2:12-17)

Legliz nan Pergam lan te resevwa lwanj pou foson yo te solid, men yo te koupab paske yo
pèmèt fo profet nan mitan yo. Seyè a menase pou vini fe ge ak epe nan bouch li si pa gen
okenn repantans.

Etid sou pasaj la.


A. SENYE A DEKRIVE LI (12)
1. ʺSila ki gen epe ki file de bo a.ʺ

B. REKOMANDASYON (9a)

1. Li konnen travay yap fe yo, e ki kote yo rete, se la tron Satan ye.


2. Paske yo kenbe non mwen
3. Pasker yo pat nye la fwa yo genyen nan mwen menm lé yo te touye Antipas nan mi
tan yo a.

C. KONDENASYON AK AVÈTISMAN (14-16)


1. Kondenasyon
a. Ou gen moun kote ou a kap obseve anseyman Balaam.
1) Ki te anseye Balaak kouman pou li mete yon pye dachopman devan
desandan moun Izrayel yo.
2) Pou manje bagay yo ofri pou sakrifise bay zidol, e pou komét imoralite
seksyel.

b.Ou gen moun kote ou a kap obseve anseyman Nicolayis, ke li menm li rayi.

2. Avètisman
3.
a. Repanti ou mwen pral vini tale konsa.
b. Map vin fé lage ak epe ki nan bouch mwen an.

D. EKZORTASYON AND PROMES (17)


1. Tande kisa lespri a ap di legliz yo.

2. Sa yo ki pote viktwa, li pral ba yo…

a.Yap manje nan manna ki sere a.

b. Yon roch blan avek yon non nouvo ekri sou li, pa gen pyés moun ki konnen li
eksepte moun ki resevwa li a.
IV. LET POU LEGLIZ NAN TIYATI A ( REV.2:18-29)
Legliz Tiati a tou te reproche, paske li te konn travay plis. Men yo tou gen yon fo profet e fo
disip kap trouble kondisyon legliz la. Malgre Bondye te bay “Jezabel” sa a tan pou li repanti,
men li pa fé repanti, se sak fe Senye a eseye trase yon egzanp sou li ak tout disip li yo devan
tout lot legliz yo.

Etid sou pasaj la.


A. SENYE A DEKRIVE LI (18)
1. “Pitit gason Bondye a”
2. “Sila ki gen zye li yo tankou flanm dife a, e pye li yo tankou fine brass”

B. REKOMANDASYON (19)
1. Pou travay yo, lanmou, sevis, fe, e pasyans yo.
2. Ansyen travay yo plis pase nouvo travay yo.

C. KONDENASYON AK AVÈTISMAN (20-24)


1. Kondenasyon
a. Yo apiye fi a yo rele Jezabel la.
1. ki rele tèt li pwofetès la
2. Pou anseye ak twonpe sèvitè l yo komèt imoralite seksyèl ak manje bét yo touye e
ofri pou zidol.
b. Li menm ke Bondye bay tan pou li repanti e li pa repanti a.

2. Avètisman
a. M ap lage l sou yon kabann maladi.
b. Si moun k ap fè adiltè avè l yo pa repanti anba travay li yo, m ap lage yo nan yon
gwo tribilasyon, a mwen ke yo repanti.
c. Pou pitit li yo menm, m ap touye yo frèt Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se
sila a ki egzamine ren moun ak kè moun.
d. E m ap bay chak moun sa travay yo merite.
e. Men, nou menm lòt yo ki nan legliz Tiyati a, nou tout ki pa kenbe ansèyman l lan,
nou menm, kòmkidire, ki pa konnen bagay ki nan pwofondè kè Satan yo, m ap di nou
yon bagay: Mwen p ap lage okenn lòt fado sou nou.

D. EKZORTASYON E PROMES (25-29)


1. Sa nou genyen an, kenbe l jiskaske mwen vini.

2. Epi, moun ki gen laviktwa epi ki kenbe travay mwen fè a jiska lafen
a. M ap ba yo pouvwa sou nasyon yo, menm jan li resevwa nan men Papa a.
b. L ap bay etwal di maten an.

3. Tande sa Lespri a ap di legliz yo.


V. LET POU LEGLIZ NAN SADIS A (Rev. 3:1-6).

Legliz nan Sardis La te repwòch paske yo gen yon non ke yo vivan, e an reyalite yo
mouri. Paske travay yo pat pèfeksyone devan Bondye, Bondye te ankouraje yo paske
yo te vijilan e pou ranfòse bagay ki rete yo. Li di yo tou pou yo sonje kijan yo te
resevwa ak tande nan tan lontan, pou yo kenbe fèm epi repanti. Sinon, Seyè a ap vin
sou yo tankou yon vòlè nan mitan lannwit . Sepandan, yo pran yon ti avètisman sou
kèk nan Sardis ki pa t sal rad yo epi yo toujou diy, yo te pwomèt pou mache ak Seyè a
nan blan.

Etid sou pasaj la.


A. SENYE A DEKRIVE LI (1a)
1. " Sila a ki genyen sèt Lespri Bondye yo ak sèt zetwal yo"-cf.Eza 11:1-2; Zak 4:1-10;
Rev.1:4; 4:5.
2. "…ak sèt zetwal yo"

B. KONDENASYON AK AVÈTISMAN (1b-3)


1. Kondenasyon
a. Yo pote non vivan, alòske yo mouri.
b. Travay y ap fè yo, pa total devan Bondye.

2. Avètisman
a. Veye! Fòtifye rès ki prèt pou mouri yo!
b. Sonje kòman ou te resevwa sa w genyen an epi kòman ou te tande l.
c. Kenbe l, epi repanti
d. Si yo p ap veye, Senye a ap vini tankou yon vòlè.

C. KONDENASYON AK AVÈTISMAN (4)


1. Genyen kèk non moun nan Sad ki pa t sal rad yo.

2. Y ap mache ansanm avè m ak rad blan, paske yo merite sa.

D. EKZORTASYON E PROMES (5-6)


1. Moun ki gen laviktwa…

a.Y ap mete rad blan sou yo


b. Senye a pap efase non yo nan Liv Lavi a.
c. Senye a ap deklare non yo devan Papa li ak devan zanj li yo.

2. Tande sa Lespri a ap di legliz yo.


VI. LET POU LEGLIZ FILADELFI A.

Legliz nan Philadelphia te gen pwomès yon pòt ouvè ke anyen pa ka fèmen paske yo te kenbe
pawòl Seyè a epi yo pap refize non li. Lènmi yo, moun ki pretann ke yo se jwif yo, men se pa
sa vre, yo pral adore devan yo, e legliz la pap resevwa jijman an anko ki te preske rive sou li
kom tès sou la tè a. Avèk yon avetisman rapid , yo ankouraje yo kenbe vit sa yo genyen ke
pyes moun pa pran kouwòn yo.

Etid sou pasaj la.


A. SENYE A DEKRIVE LI (7)
1. "Sila ki sen an, sila ki vrè a "
2. "Sila ki gen kle David la; sila lè l ouvri, pèsonn pa ka fèmen, e lè l fèmen, pèsonn pa
ka ouvri a"-cf. Ez.22:22

B. KONDENASYON (8)
1. Senye a ouvri yon pot pou yo ke peson paka femen li, e si li femen pa gen peson ki ka
ouvri li.
2. Paske yo gen yon ti fos, yo kenbe parol li, e yo panye non li.

C. EKZORTASYON E PROMES (9-13)


1. Konsenan "sinagog Satan"(Sila ki pran poz yo jwif, e se pa vre)…
a. Li pral fe yo vini e adore nan pye yo
b. Li pral fe yo konnen ke li renmen sila yo nan Filadelfi.

2. Paske Legliz la tekenbe e pesevere nan komandman li yo.


a. Lap proteje yo nan moman tribilasyon yo
b. Tribilasyon ki gen pou vini pou teste sa yo ki ap viv sou la te.

3. M ap vini talè konsa!


a. Kenbe sa w genyen an fèm.
b. Dekwa pou pèsonn pa pran kouwòn ou an

4. Moun ki gen laviktwa, Senyé ap fè…


a. fè yo tounen poto nan tanp Bondye m nan, epi yo p ap janm soti ankò.
b. m ap ekri yo tout:
1)Non Bondye li a
2) non vil Bondye Bondye li a, ki se nouvo Jerizalèm k ap desann sot nan syèl la
kote Bondye li a.
3.Non nouvo li a.

5. Tande sa Lespri a ap di legliz yo.


VII. LET POU LEGLIZ LAWODISE A (Rev. 3:14-22)

Legliz Lawodisen a te dekri tankou dlo ki tyèd, Seyè a menm menase pou vomi yo. Pandan ke
yap pran poz ke yo se moun ki rich, yo avèg de eta ke yo ye . Se poutèt sa, Seyè a te konseye
yo achte nan men l sa yo ke yo reyèlman bezwen. Parol pisan li anseye yo de lanmou li pou
yo, e kouman li pre pou li re- antre nan kè yo si yo pemet li fe sa (14-22). Kòm lét avan yo,
chak lèt fini ak bèl pwomès pou moun ki soti viktorye yo. Nan pifò ka yo, fason ke pou pwomès
yo akonpli ilistre nan vizyon ki gen pou vini.

Etid sou pasaj la.


A. SENYE A DEKRIVE LI (14)
1. ʺSila ki se Amèn nan; sila ki se temwen ki fidèl epi ki vrè aʺ

2. ʺsila ki se chèf kreyasyon Bondye aʺ

B. KONDENASYON AK AVETISMAN(15-20)
1.Kondenasyon
a. Yo pa ni cho ni fret

1. Men, pliske ou pa ni frèt ni cho, m apral vomi w sot nan bouch mwen.
2. Li swete pou yo ta cho ou fret.

b.Yo te mechan, mizerab, pov, aveg e touni.


1. Men yo di ke yo rich, gen anpil byen, e yo pa gen nesesite.
2. tandi ke li konseye yo …
a. Pou achete nan men li:
- Achte lò nan men m, lò yo teste nan dife, dekwa pou w ka rich
- Achte rad blan nan men m, toutouni w lan ap disparèt
b. Pou wen zye yo, pou yo kapab wé.

2.Avétiman
a. Men m jan li renmen anpil la, li fé obsévasyon e pini tou, sepandan se pou nou
jalou e repanti.
b. Li kanpe nan pot la lap frape; si nenpot moun tande vwa li e ouvri pot la, lap rantre
e manje avék li.

C. PROMES E EKZOTASYON (21-22)


1. Pou sila yo ki pote viktwa…
a. Senyé ap otorize li pou chita ak li sou tron li.
b. Menm jan li pote viktwa a e chita avék Papa sou tron lan.

2. Tande kisa lespri a ap di Legliz yo.

You might also like