Download as pdf or txt
Download as pdf or txt
You are on page 1of 8

Sa pou yon netwaye konnen

Tè a se tè Endyen, se repozwa Bondye, se lotèl


Ginen. Gen yon ti tè, gen yon gran tè. Sa a se yon
mistè.
Tè a divize an 5 pati : Nò, Sid, Latibonit, Lès
anndan, Lès deyò. Moun ak Espri k ap viv sou tè a
yo sou lobedyans 4 branch Espri : Ra nan Nò,
Eloyim nan Sid, Rada nan Latibonit, Vyèj nan Lès.
Tout pase isit, tout pase lòtbò. Tout pase monte,
tout pase desann, rankontre nan Endyen-an. Sa a
se menm mistè a.
Espri Ginen pa anba Tè. Espri Ginen viv nan Limyè. Se anlè
Ginen pran lòd. Gen 3 kalite Espri k ap travay nan sistèm
Ginen an : Gèrye, Gadyen ak konnen. Gèrye yo se bra
Letènèl. Gèrye yo aji lè Letènèl deside korije yon bagay
sou latè. Gadyen yo siveye Tè a ak tout sa ki ladann. Yo
okipe pòt, wout. Yo siveye sikilasyon moun ak Espri. Yo pran
lòd nan men Gadyen Pòt peyi a.
Konnen yo se entèmedyè ki fè rakò pou limyè Bondye gaye
sou latè. Se yo ki okipe pwoblèm moun, ki montre vivan
chemen. Yo travay nan antèn, nan pwen ak nan tanp e yo
tout fè yon sèl ak Nouvo Wa a. Wa Ginen se yon kle. Sa a
se yon mistè. Gen yon asanble konnen ki fèt chak 4 mwa
pou chak zòn. Gen yon asanble konnen ki fèt pou tout peyi a
chak ane.
Limyè Ginen pa gen bout. Limyè Ginen pou
tout Vivan : Vivan ki moun, vivan ki Espri,
Vivan ki Moun-Espri. Kidonk moun pa chwal,
moun pa chwal lwa, moun pa ka chwal ankenn
Espri. Limyè Ginen pou tout vivan : ni moun, ni
Espri, ni Moun-Espri. Se yon Ginen ki pou bay
yon lòt Ginen men pou l monte nan limyè a.
Limyè a ka klere Vivan an. Vivan ka pote limyè
a. Vivan ka tounen Limyè. Sa a se yon mistè.
Chak moun se yon moun. Chak moun gen chemen pa
l ki trase nan limyè a. Tras sa a se yon Rasi-Lasi.
Lè yon moun vle reprann plas li nan Limyè a, yo di li
vle rase. Se yon bagay ki mande yon preparasyon.
Rasaj pa ka transmèt sou baz zanmitay, ni
fanmiray, ni eritaj. Se chak Vivan ki pou fè jefò pa
l pou l mache e pou li merite. Men kouman chemen
monte a ye : Sòti nan pi long rive nan pi kout. Sòti
nan pi piti rive nan pi gran. Sa a se yon mistè.
Vivan se vivan, mò se mò. Ginen pa sèvi nan
simityè.
Yon vivan se yon moun oswa yon Espri ki viv de
Limyè a. Yon mò se yon vizib oswa yon envizib
ki pa sou ak lavi a. Moun ak Espri vivan pa gen
rapò ak mò. Mò pa gen dwa sikile nan espas
Vivan. Yon zonbi pa yon espri.
Espas Lavi toujou louvri. Espas lanmò toujou
fèmen. Sa a se yon mistè.
Ginen gen yon drapo. Se drapo alyans la. Drapo Ginen
rasanble anba li tout pitit Guinen sou tout latè. Drapo Ginen
se yon senbòl alyans Bondye ak Moun.
Koulè Ginen se koulè limyè a. Limyè a chanje nan chak espas
Limyè a travèse. Se pou tèt sa nou gen divès kalite koulè :
Koulè ki montre nan ki nivo Limyè a sòti. Limyè ki sòti nan
lenfini. Limyè ki sòti nan syèl. Limyè ki parèt sou latè.
Koulè ki parèt sou latè se koulè Limyè a pran lè li travèse
dlo a : Se koulè lakansyèl. Pou chak zòn lè lakansyèl pase
nan yon branch Espri, li bay yon koulè diferan. Latibonit,
Nò, Sid ak Lès, yo chak gen koulè pa yo.
Aprann konnen koulè yo, sa yo vle di, ki sa yo reprezante,
se yon pati nan konesans yon Ginen dwe genyen pou li ka
fonksyone pi byen nan sistèm Ginen an.
Ginen se sous lavi. Se pou tèt sa tout Ginen dwe
respekte lavi. Sou latè yon Ginen pa gen dwa pran
desizyon detwi ni kò, ni espri Moun ak Espri ki fè
pati alyans la. Moun ak Espri ki siyen alyans la se
sou kont Bondye yo ye. Tout operasyon pou retire ti
bonnanj yon moun oswa pou detwi yon Vivan, Ginen
pa mele. Moun ak Espri ki patisipe ladan yo gen pou
reponn sou sa. Ginen se sous lavi. Li bay lavi pou fil
lavi pa janm fini.
Nan transmèt lavi a, se 2 ki fè 3 ki fè yonn. Men se
Moun ak Moun, Espri ak Espri. Sa se yon mistè.

You might also like