Download as rtf, pdf, or txt
Download as rtf, pdf, or txt
You are on page 1of 8

Viv ak saw genyen

ki sa ki lavi?

Nou jwenn yon paket definisyon de lavi.


definisyon yo telman anpil nou vin paka
ekspoze tout ni pou n´ ta pale de tout ansanm.
Gen moun ki defini lavi kóm yon pantalon san
fouk.
Gen lot ki di lavi se grenn chen li ye... etc
lavi gen yon bo limine e li gen yon bó som tou,
lavi se tankou yon ti manje ke ou renmen, yon ti
manje ki gou
yon ti manje ou pran sanw pou deguste, yon ti
manje malgre li pou ou, ou anvi fe visye
yon ti manje ki few chich, ki few bliye zanmi
li pa vo de pou dis men li few pentire lavni
le bel ti moman nan lavi yo ap pase menm
somey li koupe
li few tonbe nan reflechi, nan panse e ou oblije
rezeve paske
silans konn pale
lavi se yon met ki kontwolew e kifew tankou
yon ti bebe, yon ti moun ki fenk fet
li konn plede few souri, few santi ke chak jou
nan laviw se fet
ebyen frem mennen bak ou byen paske pi
devan ou ka pran fret
wap santi gwo gout swe ap sot nan fronw tonbe
sou lestomak ou malgre li fe fret
kisa ki lavi
le bagay yo komanse di nan menw li lagew pye
ate
ah bon, wa degajew kouw konnen paskew
pansew te met late
tale
kote ti manje gou ou tap manje a lew tap byen
pase a?
kote ti bouch gou ki te few bliye sak te pase a?
ou jan bagay yo vire rapid, late tankou varye
ebyen byen peze vant lan, paske rezilta a ti etap
sa a se dyare.

Men lavi en soi pa gen vreman yon definisyon


pwop. Mwen menm antanke temwen de sa
mwen menm mwen viv, mwen ka di ke lavi se
souf san fen an, paske le jou ou pa posede souf
sa a ou pa gen lavi. Mwen ka di tou ke lavi se
yon eténel rekomansman, setadi nou viv e nou
reviv menm evenman yo, bagay ki te pase yo:
moun fet, moun mouri, moun fet, moun viv,
moun mouri e se konsa net ale. Men an bref,
map fe nou konnen ke Bib la demontre nou
kote Met lavi a ap di ak pwop mo pal ke li se
lavi. nan ka sa mwen kapab di ke la vi se Jezi. E
se youn nan rezon kap potem al diw pou pa
modi lavi menm si bagay yo ta on ti jan dwat e
goch nan menw.

nan kek minit nou pral we kek faset de lavi, ti


vigil ki genyen nan lavi ki ka ede nou konn ki
kote pou nou mete pye nou.
lavi se yon kado ki pa gen pri, kado sa telman
vo, li pa gen pri. sa vle di pa gen ankenn riches
ki achte lavi. Menm siw ta sanble tout trezo
depi nan komansman mond lan te kreye pou
rive sou jouk jounen jodi a, ou pap ka
machande lavi, alevwa pouw ta achete lavi.
Tout bagay Bondye te kreye yo pagen pri,
ankenn trezo paka achte yo, sino milyone tap
gen lavi etenel sou te a. lezom fe anpil bagay,
anpil sakrifis, vwa anpil krim pou yo ta viv
omwen 150 lane aktyelman. Men podyab, lavi
kout, wi li kout anpil.
Annou pwofite de jou nou we yo pou nou
menm ki pa two posede, annou pwofite de
souri sou lev nou, paske li pap rete. Men sil te
ka rete pou tout tan, se youn nan pi gwo riches
nou te ka posede.
souvan nou konfonn nou de sak rele riches e de
sak rele povrete.
riches se pa lew posede yon paket byen
materyel, tankou lajan, kay etc. povrete non plis
se pa lew pa posede anyen menm, okontre ou
posede bagay ke moun ki pi rich nan mond
konn pa posede.
Men ou fe fot paske ou bay tet ou pote fot de
eta laviw, si selman ou te ka pran yon ti tan pou
ap kontanple eta laviw. Men se akoz de yon sel
bagay. Se lew pa aprann viv ak saw genyen.
Donk ou pa apresye saw genyen.
Souvan bagay yo konn baze anba yon lod
espirityel, kek fwa se konn yon kalite eta despri.
Wi, se nivo espirityel ou, kelkeswa klas moun ou
ye a, kelkeswa kominote ou reprezante a,
kelkeswa pos ou okipe nan mond lan. Si ou pov
nan lespri, si pansew pov, konnen ou pov tout
bon vre. Men, kontreman si ou rich nan lespriw,
setadi ou gen yon etadespri ki ekilibre. Ebyen
ou rich. siw pansew pov, ou pov, siw aji tankou
pov, ou pov paske wap rele povrete sou ou.
Chak moun gen yon moman ki pou yo, selman
gen pasysans pandan ke wap aji ak tout kew
pou reyisit ou epi Bondye ap travay pou ou.
ke kontan se riches, souri se riches janm te dil
deja.
Viv ak saw genyen se yon vertu paske li pemet
ou pa rayi moun pou sa yo genyen.
viv ak saw genyen pemet ou viv yon fason onet,
paske kritik moun pap few pe, fyetew pi wo
pase kritik negativ yo e konsa peson pap vin di
yo bare entel nan zafe moun.
Lew gen espri kwense, otomatikman ou vin
kwense nan lavi. Le sa a tout ti bagay vin gwo
kichoy devan zyew, e gwo bagay yo menm se pa
pale. Nan ka sa, ki sa ki gwo bagay e ki sa ki ti
bagay? Sa depan de ki fason ou konsidere tout
bagay, swa vizib ou envizib, materyel ou
espirityel. Lavi komanse ak yon rel melanje ak
yon ke kontan, konsa tou lavi fini ak yon ke
kontan melanje ak yon rel. Men avan tou, kisa ki
komansman e finisman lavi selon ou menm kap
swiv sekans sa a? Gen moun kap viv, pandan
setan nan yo menm yo se moun mouri, moun ki
pase nan lot bo a. e poutan gen moun ki mouri
pandan plizye lane, men pou paran yo ak kek
pwoch yo, yo vivan toujou. komanw konprann
lavi, komanw konprann lanmo, bref, komanw
konsevwa yo tou de? kisa ki lavi, kisa ki lanmo?

You might also like