Lanp Ogou Feray

You might also like

Download as docx, pdf, or txt
Download as docx, pdf, or txt
You are on page 1of 2

LANP OGOU FERAY

Pou Proteksyon, Chans ak Sante .


Avèk General Ogou Feray .
Nap bezwen :
Yon chodyè zen ,
Lwil Dou ,
Lwil Kanèl ,
Lwil sitron ,
Lwil mant ,
Lwil Doroz ,
Lwil Akasya ,
Lwil chans .
3 fey simen kontra
2 fey langichat
Poud Keman,
Poud Presipite wouj .
NB: nan Plas rès 5 Poud yo wap mete 3 fèy Simenn kontra ak 2 fèy Langachat.
Pa keyi yo san kondisyon w .
Yon boutèy Rhum Babankou pou General la , oubyen nenpòt lòt Rhum Wouj ki fò .
Siw gen Koulin se posib pouw mete Koulin nan kouche mare ak Yon mouchwa Wouj a kote lanp
sa .
Konnya Ann al fè Wanga !!!
Dispoze tout engredyan w nan Yon lye byen pwòp , sou tab oubyen atè oubyen nan èspas kote w
gen ki disponib pou sa .
Konsantre w pandan 5 a 7 minit , Pale ak Legbah bitasyonw' pou ouvri pòt bay General la
Garyonnen Chwal li nan defèt ak mal chans wap sibi nan vi ou .
Remèsye Legbah yo dèske yo tandew' e yo ouvri Baryè pou w jwenn koneksyon ak General
Ogou Feray .
Liminen Yon chandèl ou balèn Wouj de preferans , siw pa jwenn liminen Yon blan , mete fas ou
gade sole leve ak boutèy Rhum ou nan menw tou debouche , Koulin ou nan sentiw mare ak
mouchwa Wouj .
Dogwe w Devan Mèt Dife a , Dogwe w Devan Mèt Van an , Dogwe w Devan Mèt Tè a , Dogwe
w Devan Mèt Dlo a .
Salouwe prezans General la ak twa kout Rhum ( Stil Salitasyon Baron) .
Konnya depoze chandèl limen an , toujou bat premye limyè ou limen nan tout Wanga wap fè
pouw mete limyè sa gade kote sole leve .
Depoze Rhum nan , nan èspas la .
Liminasyon Lanp lan : Vide Lwil Dou a nan chodyè zen an , e answit chak lòt Grenn Lwil wap
vide , vide yo ak pwòp pawòl ou . Pa bliye lanp sa se pou chans , proteksyon e Sante .
Mete Yon mèch koton natirèl o milye lanp lan .
Mete chak Grenn fèy yo ak pawòl ou te keyi yo a .
Answit leve lanp sa bay 4 Fasad ak chandèl limen nan menw pandan wap Dogwe e wap
prononse pawòl ou selon ou menm , selon rit ou . Siw se premye fwa ou pral fèl lap Yon ti
jan Robis m'en eseye kanmenm , lan prochen fwa wa pi bon .
Apre ou fin Dogwe bay 4 Fasad konnya wap depoze lanp lan atè oubyen sou tab kotew dispoze
pou sa a .
NB : Souf alimèt pa natirèl pou okenn liminasyon toujou gen Yon moso bwapen , dezole siw
pa Ayiti itilize Papye .
Konnya limen Lanp lan , tout Otan chalè Dife mèch la ap monte , ou menm ou dwe konsantre w
a sa ou nesesite , konsantre w sou limyè mèch la .
Answit andoye Lanp lan avèk poud presipite Wouj la e dil poukisa w bal presipite, (Poud Keman
an pa fasil ) se Mwen menm ki fèl menw ka itilize Poud kanèl oubyen poud piman Pike nan Plas
li , lè wap andoyel ak poud sa ankò d'il poukisa .
Answit Retounen Salouwe Ogou , fwa sa Koulin nan ap nan men dwat ou , soufle Rhum sou li
nan 4 Fasad . Fèt atansyon siw sèvi Ogou lap vibrem rapidman e konsa tou li ka pase nan tèt
ou .
Konsèy :
Toujou mete nou pwòp avan nou fè liminasyon yo souple , toujou beni dlo nou benyen an,
avan nou fè liminasyon an ak Disèl san sèvi , tout dispoze nou avan tout liminasyon, evite fè
liminasyon kote ki gen bri ni kote ki sal , nan tout demand nap fè a Lwa yo toujou ofri yo yon
bagay e fok nou toujou kenbe pawòl nou .
Pa bliye Nonmen Non m nan liminasyon nou yo
Mwen renmen nou tout
Al eseye konsantre nou Souple
Se Pat kwèsa bon ougan

You might also like